Testo Nos Indifferences

Testo Nos Indifferences

Dezako, Indiferans
Se sa ki rete “entre nous ‘'.
N' pase tan nap agimante,
N' neglije ‘'l'important''.
Lavi sa telman kout
Nou ta dwe sezi ‘'au maximum''
Chak minit, chak segond kip ase
Pou nou pa regret

Si m' ta va mande w'
Koman m' kwaze w'
M pa kwe ke wap sonje
Nan fe mechanste, ni mwen ni ou
Bliye sa lanmou ye
Nou pase lontan n'ap asiste
Nou k'ap deteryore
M' pa kwe abitid avek koutim
Ka rezoud tout pwoblem

N' kite ogey, fyete n'
Ap deside pou nou
Nou pa gen yon etenite
Pou n' rezoud ‘'nos indifférences''
Mwen p'ap kite pou ou
Ou ki pou kite pou mwen
Sa se pi gwo sousi
‘'relation amoureuse'' genyen

Fo nou fe konsesyon ‘'Fo n fè konsesyon''
Pou n' twouve solisyon ‘'twouve solisyon''
‘'Sans quoi'' nou p'ap janmen ka bese la ‘'pression'',
‘'pou n' ka bese la pression''
Fo nou fe konsesyon
Pou n' twouve solisyon ‘'twouve yon solisyon''
‘'sans quoi'' les prochains jours
Peuvent vraiment être pénibles

Menm le n' fache, nou diskite
M' pa janm konsevwa lavi m'
Yon segond san ou
Si santiman n' pa diferan
Pouki nou pa eseye sove ‘'notre alliance''

Lavi ka ba w' tout sa w' swete
Tout jan de richès ak siksè
E san yon moun pou pataje l'
‘'c'est sur'' ke w'ap malere (bis)

Testi Nu-Look